Politique

Le parti « Nouvelle Perspective » propose au premier ministre Ariel Henry un plan stratégique visant à sortir le pays dans la crise

RÉALITÉ INFO: Le parti « Nouvelle Perspective » propose au premier ministre Ariel Henry un plan stratégique visant à sortir le pays dans la crise

Le parti politique Nouvelle Perspective (PNP) dans une lettre ouverte, publiée le mercredi 13 avril 2022, propose au chef de la primature, le Dr Ariel Henry un plan stratégique global visant à trouver une issue favorable à la crise multidimensionnelle haitienne.

La lettre dans son intégralité

Men ki sa Pati sa a pwopoze bay Premye Minis Peyi a ki se Ariel Henri:

Fòme yon gouvènman de konsansis ki gen onz (11) manm la danl, sa vle di yon (1) manm
pou chak depatman ak yon (1) manm ki dwe soti nan Dyaspora a.
Moun ki dwe chwazi yo pa dwe responsab oubyen dirijan okenn pati politik.

Yo pa dwe ap travay
nan leta, yo pa dwe militan politik, se moun ki pat janm gen pwoblèm ak la jistis.

Fòk moun nan se
yon pwofesyonèl kalifye ki peye enpo.

Kòman chwa moun sa yo dwe fèt?

Kòm pou moman an se sèl Dr. Ariel Henry ki la nan tèt leta a, nou oblije mandel poul pase
lòd ak OMRH (Office de Management des Ressources Humaines) ki se enstitisyon ki responsab
resous imèn nan peyi a pou yo fòme de (2) komite ki gen twa (3) moun.

Kou Siperyè Dè Kont ak
Biwo Pwoteksyon Sitwayen dwe chwazi yon manm yo chak pou voye nan komite sa yo.

Sa ki ap fè
komite sa yo ap gen senk (5) manm, chak komite ap responsab pou yo al fè rekritman espesyal la
nan senk (5) depatman.

Atibonit, Nò, Nòdès, Nòdwès, ak Plato Santral pou yon komite.

Lwès,
Nip, Sid, Sidès, ak Grandans pou lòt komite a. Ministè afè etranje ak Ministè Ayisyen ki ap viv an
deyò peyi a dwe fòme yon lòt komite pou moun sa yo ka chwazi reprezantan pa yo a.

Dr Julio Warner Loiseau, PhD  Sekretè jeneral Pati Nouvèl Pèspektiv
Dr Julio Warner Loiseau, PhD
Sekretè jeneral Pati Nouvèl Pèspektiv

Lè komite sa yo rive nan depatman yo, yo pral rankontre ak notab yo, tankou: òganizasyon
lokal yo, lidè relijye yo, asosiyasyon peyizan, asosiyasyon fanm elatrye, ansanm pou moun sa yo
pwopoze twa (3) moun yo konsidere ki gen kapasite pou vin fè pati gouvènman konsansis saa.

Fòk komite yo eksplike moun yap chwazi yo klèman yo pap Prezidan ni Premye Minis, ni
Minis.

Yo chak ap gen yon vwa nan konsèy la youn pap gen plis pouvwa ke yon lòt, se volontè
manm konsèy la ap ye, sa vle di yo pap gen yon salè yo pral touche, se sèvis yo pral rann sosyete a
pou yo ka sove peyi a, sèl sa yo pral genyen se frè ak ankadreman lojistik pou yo ka fè travay yo
byen.

Chak lis twa (3) moun sa yo dwe gen fi ladan yo, Nan lis twa (3) moun sa yo se yon sèl ki ap
kenbe pou chak depatman nan konsèy gouvènman konsansis saa. Lè komite a gen lis twa (3) moun
nan chak depatman sa yo, li ap vini Pòtoprens ak non yo.

Li ap soumèt lis konfidansyèl sa yo bay
responsab OMRH la ki pral mennen yon ankèt rapid sou kredibilite moun ki nan lis sa yo pou konnen
si yo pat gen pwoblèm ak leta. Pwosesis pou kreye komite yo, rekrite manm konsèy sa yo ak mennen
ankèt sou moun ki chwazi yo dwe dire swasant jou ou byen de (2) mwa.

Ki manda Konsèy Gouvènman konsansis sa a ap genyen?

Konsèy gouvènman konsansis endepandan sa a gen manda pou:

1.Kreye yon konsèy elektoral pwovizwa, li ap itilize lòt moun kite nan lis kite soumèt bay
OMRH la pou chwazi onz (11) manm pou konsèy elektoral la (konsèl elektoral ap gen

reprezantan chak depatman yo ak diaspora a). Sèl diferans sè ke moun ki nan konsèy
elektoral la ap gen salè nòmal yo.

2.Kreye yon konsèy konsiltatif pou òganize yon referandòm pou yon nouvèl konstitisyon nan si
(6) mwa.

Nan si (6) mwa (fen desanm 2022) peyi a dwe gen yon nouvèl konstitisyon.
3.Reyalize premye tou eleksyon jeneral sou tout tèritwa nasyonal la nan dis (10) mwa
dezyèm tou eleksyon yo nan de (2) mwa (fen desanm peyi a dwe gen yon prezidan eli).

Pou reyalize manda sa a, se konsèy gouvènman konsansis saa ki ap gen poul prezide konsèy siperyè
lapolis la poul detèmine estrateji nesesè pou asire sekirite tout popilasyon an.

Se menm konsèy la ki ap
Prezide konsèy minis yo. Konsèy la ap sèvi ak sekretariya prezidans lan pou fè travay li kòm sa dwa.

Dire manda konsèy la se diz nèf mwa (19) mwa si (6) jou. Lap kòmanse premye daou 2022 lap fini 7
fevriye 2023 nan lè 11:59 nan maten ki se lè Prezidan eli a ap resevwa echap prezidansyèl li.

Ak Pwopozisyon sa a mezanmi PNP mande nou pou nou mete tèt nou ansanm pou nou ka jwen
yon solisyon dirab, li lè pou nou sonje sa yo nou di nou reprezante. Sispann manipile sa ki pi fèb yo
pou nou ka asire chita nou.

Li lè li tan pou nou trase yon egzanp pou moutre entènasyonal la nou ka antann nou.
PNP mande pou PM Ariel ak akolit li yo sispann detwi peyi a.

Li pa bon mezanmi se pi mal
peyi a ap vin pi mal chak jou, sispann sèvi ak gang ak lòt fòm entimidasyon pou nou regle pwòp afè pa
nou.

PM Ariel Henri ou di ou se kretyen kote konsyans ou? Koman ou fè rete an silans ap konstate yon
peyi ap depafini nan men w konsa ? Yon ti mamit diri ap van 70 goud, yon ti mamit mayi moule nap
van 110 goud, yon galon lwil ap van 1 275 gd.

Dola ameriken an moute 120 gd pou yon dola, malgre
tout la vi chè sa yo ou rete an silans kòm si sa pa gadew.

PNP (yon lòt chimen) di li lè li tan pou nou
tout repase konsyans nou, pou nou bay peyi a yon dènye chans.

Se yon konsèy gouvènman
konsansis ki regwoupe tout depatman nan peyi a ki ka ede nou sòti nan kriz nou ye a.

Se sèl inisyativ sa a ki ka sove nou devan lòt peyi yo.

« Antretan, Sekretè jeneral PNP a, te tou pwofite bay dizon l sou Fèt Pak la ».

Pak se yon fèt ki enpòtan anpil pou tout kretyen ala won badè, malerezman isit lakay nou ki se
yon peyi ki gen majorite kretyen, dirijan nou genyen kounye a yo pa bay fèt sa a enpòtans pou yo ta ba li.

Malgre se fèt ki selebre rezireksyon Kris la, sa vle di se fèt liberasyon tout kretyen ki te anba jouk satan.

Pati “NOUVÈL PÈSPEKTIV” ki vle di “YON LÒT CHIMEN” vle raple pèp Aysyen an ke malgre
tout mizè nou, Kris la te mouri pou nou tout epi li te resisite pou nou te ka gen yon lavi miyò.

Se yon
periòd nou dwe selebre ak espwa ak kè kontan paske nou dwe sonje delivrans nou pa lwen, chènn la
mizè a gen poul kase avan lontan, e lè sa a tout zanj nan syèl yo va bay glwa a sila ki merite.

Dr Julio Warner Loiseau, PhD
Sekretè jeneral Pati Nouvèl Pèspektiv

Réalité Info

RÉALITÉ INFO (RT-INFO), est un média en ligne Haïtien ce, en vue de desservir la population qui se trouve à travers le monde entier. Notre souci majeur c’est de donner à nos lecteurs des informations sûres, sur tous les événements à caractère culturel, social, économique et politique. realiteinfo1@Gmail.com/ Contact /(509) 37688454 "RT-INFO" Le chemin qui mène à des informations sûres et vérifiées

Articles similaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page
YouTube
Instagram