Politique

Mouvman Kan Viktim nan ap felisite PNH la, lame d Ayiti an jeneral, popilasyon an ak BSAP an patikilye, ki konprann manèv jenosid ak gè sivil gouvènman defakto Ariel Henry a ak peyi enperyalis yo

MOUVMAN KAN VIKTIM (MKV), UNION DES PATRIOTES ENGAGÉS DE LA DIASPORA POUR LA PROSPERITE D’HAÏTI (UPEDPH), UNION DES MILITAIRES, POLICES, POPULATION ET BSAP( UMPOPO), ALLIANCE DES UNIVERSITES D’HAÏTI (AUH) EN PARTENARIAT AVEC LES 50 ORGANISATIONS SOCIALES ET PAYSANNES DU PAYS.

NÒT POU LAPRÈS

Mouvman Kan Viktim nan ap felisite PNH la, lame d Ayiti an jeneral, popilasyon an ak BSAP an patikilye, ki konprann manèv jenosid ak gè sivil gouvènman defakto Ariel Henry a ak peyi enperyalis yo prepare pou pèp Ayisyen an pou jistifye okipasyon peyi a, jis pou yo vin piye resous nou yo, bouche kanal wananment lan, pou fè nou tounen yon pwovens Sendomeng. Nou dwe konnen divizyon se feblès, linyon se fòs nou. Kontinye gade kalm pa pran nan pwovokasyon nan goumen youn ak lòt pou pèp la pa kontinye viktim.

Mouvman kan viktim nan pran ak de plent AKÒ Montana te depoze 5 fevrye pase a kont Ariel Henry sou fen akò 21 desanm nan ki bout depi 7 fevrye a minwi.

Nou pran ak de Rezolisyon kongrè Wananment pou yon nouvèl Ayiti kote yon ansanm òganizasyon vote pou yon egzekitif a bisefal kote prezidan nouvèl tranzisyon an ap yon jij nan kou kasasyon ki regilyèman nome ki pa gen dout sou li ak yon premye minis de konsansis ant sektè yo konsène yo epi yon ògàn de kontwòl pou founi je gade ak kontwole aksyon gouvènman an.

Nou pran ak de deklarasyon Chargé d’affaires des États-Unis an M. Erick William Stromayer ki fè kwè se PM defakto echwe a, PM pèp viktim nan rejte a ki pou fè eleksyon anba ensekirite jeneralize a.

Konsideran gen plis pase 3 san mil moun ki deplase kite lakay yo, plis pase 7 mil moun ki mouri sann pa ka kontwole kantite yo kidnape ak vyole nan 2023 a anba 2 grenn je PM defakto a ak HCT a.

Konsideran tout depatman yo leve kont Ariel Henry depi 5, 6 ak 7 fevrye a kote gè sivil la menase sou do pèp viktim nan.
Konsideran aktik 20 akò 21 desanm nan ki pa rekonèt Ariel Henry kòm Premye minis depi 7 fevrye a minwi,
Konsideran rezistans PM defakto a kont volonte pèp viktim nan.

Nou, mouvman kan viktim nan (MKV), Inyon patryòt angaje nan diaspora a pou pwoperite d Ayiti (UPEDPH), Inyon militè, polis, popilasyon ak BSAP (UMPOPO), Alyans Inivèsite d Ayiti yo (AUH) ak 50 òganizasyon sosyal ak peyizàn yo deklare ilejitim, ilegal, enskonstitisyonèl, defakto ak anachik tout desizyon ak lòd gouvènman kriminèl, diktatè Ariel Henry a ap pran nan peyi a.

Pèp la viktim ensekirite jeneralize, kidnapin, vyòl ak dwa lojman. Li pèdi libète l nan pwòp peyi l, li pèdi dwa pou l jwenn sekirite… tout sa se vyolasyon aktik 17, 22 ak 24 manman lwa peyi. Se vyolasyon tou aktik 3, 5 ak 8 nan deklarasyon Inivèsèl dwa moun ak sitwayen nan lane 1948.

Pou tout rezon sa yo, nou, komisè Patrick Bélizaire, nan nom mouvman kan viktim nan, UMPOPO, UPEDPH, Alyans Inivèsite yo ak 50 lòt òganizasyon sosyal ak peyizàn yo, anba chapo papa Desalin, kapwa lamò, Anri Kristòf, Chalmay Peralt, Benwa Batravil pou n site sa yo sèlman nou di plan gè sivil Ariel Henry ak enperyalis yo prepare sou peyi d Ayiti pou jistifye okipasyon nan peyi a p ap pase. Paske ni la polis, ni BSAP, ni lame, nou sòti nan matris popilasyon an, nou se manm popilasyon an, nou pa gen pou trayi popilasyon an ki deja twò viktim.

Se pou tèt sa, n ap prezante w denyè zèl kat batay la ki se yon revolisyon konsyans ak rekonsilasyon k ap egal ak Inite.
Nan linyon, zansèt yo te fè 1804, nan linyon nou ka fè 2024.

Depi jodi 7 fevrye 2024 la, nou lanse ofisyèlman maryaj Militè, Polis, Popilasyon ak BSAP pou n chavire diktatè Ariel Henry ak tout sistèm peze souse a ki repoze sou do pèp viktim nan depi 1806. Mouvman kan viktim nan rekonèt se pèp ki bay pouvwa, pèp la pa t bay Ariel Henry pouvwa, pèp la bezwen pouvwa l. N ap akonpaye l pou l pran pouvwa l. Viktwa final la fwa sa dwe pou pèp viktim nan ak tout polisye nou yo, lame a ak BSAP ki yo menm tou se viktim.

Komisè Patrick Bélizaire
Prezidan MKV, UMPOPO
Dr Junior CHERELUS
Vis Prezidan MKV
Prezidan AUH
Pòtoprens, Ayiti
07 fevrye 2024.

Réalité Info

RÉALITÉ INFO (RT-INFO), est un média en ligne Haïtien ce, en vue de desservir la population qui se trouve à travers le monde entier. Notre souci majeur c’est de donner à nos lecteurs des informations sûres, sur tous les événements à caractère culturel, social, économique et politique. realiteinfo1@Gmail.com/ Contact /(509) 37688454 "RT-INFO" Le chemin qui mène à des informations sûres et vérifiées

Articles similaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page
YouTube
Instagram